Jeanie Bogart: A La Foli

Haitian author, Jeanie Bogart shares a love poem: A La Foli

A La Foli

Mwen ekri, m ekri, m ekri

tout ti detay nan syèl

mwen ekri sou vag lanmè

sou ti flè, la mizè, lapli

mwen menm trase nanm mwen

emosyon mwen sou papye

bèl pawòl literati

bèl chema fe klenklen

Jou m kontre w cheri

tout ti mo dous krase rak

plim mwen tranble, krache, vomi

tout chema tounen madigriji

m bliye konte, m bliye pale

je m nan je w

menm nan men w

se sèl verite

Lavi se pawòl granmoun

mariaj se koze moun fou

yon sel mo rete nan vokabilè nou

“lanmou”

lanmou mwen avè w

siwèl nou

rapadou nou

alfabè nou

lakansyèl nou

san nan venn nou

foumi anba po nou

Jou m kontre ak ou cheri

syel ou fè yonn ak tè m

rivyè w koule nan lanmè m

vigil ou kontre ak pwen final mwen

m renmen w cheri

m renmen w

ak zo m, ak po m

ak nanm mwen

ak tout kò mwen

sou tout kò mwen

m renmen w nan sekrè mwen

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *