Kreyòl Pale

Atis Fred Thomas

Fred Thomas te fèt nan Fò Libète, Ayiti. Li kòmanse fè desin depi l te timoun tou zwit. Li te toujou renmen eseye repwodwi bèl chema ke papa l te konn kreye.

Komanse depi a sizan, Fred te deja yon atis endependan komèsyal! Li te konn desine kat, postè pwomosyon, tablo.

Fred patisipe nan anpil ekspozisyon atistik nan tout Etazini yo ak anpil peyi dan lemondantye.

Fred pram diplom li nan Relijyon, filozofi, ak sikoloji.  Sepandan, atizay rete pi gwo pasyon nan lavi li. Depi 2009 li te konsakre tèt a yon karyè atistik ki pran anpil tan ak devosyon. Men, travay atistik sa a se youn Fred pa gen dwa janm kite.

Lè Fred pa ap pentire oswa montre travay li nan plizyè galri, li pase tan avèk fanmi li oswa ekri pwezi, bèl ti istwa, oubyen li ekri sou tavay ke lot atis kreye.

Fred Thomas pibliye yon liv ak Christian Nicolas (Kristo Art) sou atis Ayisyen lan Miami.

Premye paj la

____________________________________________________

“Woy. . . ou gen kisa? Yon ti mennaj! Adyebondyemwen! Kote fout matinèz la? M ap fout fè w rete trankil, tande. Ala traka!” – Madame Entel

Gen anpil moun a letranje ki te kite Ayiti pandan yo te tou zwit. Moun sa yo pa t gen chans pou yo te selebre Sen Valanten a byen.

Paran jèn demwazèl pa t pèmèt pitit fi yo amize sèten koze romantik. Ti moun pa t lan renmen vennkat sou vennkat jan yo renmen bò isit.

Si w te konnen sa ki te bon pou ou, ou pa t menm soufflé mo ‘mennaj’ la, sof si ou te sèten sekrè w pa t an danje.

Si granmoun te kenbe w ap pale ak yon ti bway, se sou mòn pou ta monte pou bay tout eksplikasyon.

Yo mèt fè sa yo vle, lanmou toujou pran premye plas.

Love: There's no App For That!Elizabeth LaFrance di: <<Katoz fevriye se dat moun te konn montre tout koulè yo: Si w te gen yon ti mennaj ki fe kè w kontan, ou te abiye w an woz. Si mennaj sa a te vreman satiyèt sansiblite w, ou te abiye w an wouj. Si w te poukont ou epi ou te espere renmen, ou te mete yon ti bagay vèt. Si yon moun te trete kè w tankou wòch, ou mete yon rob jòn. Koulè jòn se pou trayizon. Trayizon.>>

Yon gason ki pèdi madanm li ta ka mete yon ti flè an papye nwa oswa blan nan boutonyè l.

Yon madanm ki pèdi mari l ta mete yon ti flè an papye nwam tou. Oubyen dam nan ka anvlope tout cheve l ak choublack rouj– sa depan de jan sitiyasyon an ye, ou konprann . . .

Martine Vassor di l konsa: <<Rich ou pov: pwoblèm lajan pa anpeche moun selebre lanmou. Moun selebre Sen  Valanten jan yo kapab; yo selebre ak sa yo genyen. Sa ki te ka achte bouke flè ak gwo mak chokola pou fiyanse yo, inonde boutik yo. Sa ki pa gen mwayen prete’ detwa ti branch nan jaden vwazen yo. Yo kouri lwen e yo kouti vit pou yo ka jwenn mennaj yo. Lanmou fè moun kouri–nan yon direksyon oubyen yon lòt.>>

Wi, se vre, lanmoun ka limen yon dife vennkat kara anba pye w. Lanmou fè moun kouri. Lanmou fè moun tounen lan peyi lakay pou yo rete pou letènite.

Lanmou se sa nèt. Si w pa konn Ayiti, ou pa konnen sa ki rele lanmou tout bon vre. E ou pa p jwenn yon ti App  pou sa.

_______________________________________________________________________________________________________
Genevieve Dumorne kreye pou nou yon bon legim berejèn.
Pran men zanmi w, rantre lan kwizin lakay ou, eseye kwit legim sa a ansanm avek Genevieve Dumorne.
Genevieve gen lontan l ap fe bèl bagay lan kwizin. Espesyalite li se dessert (gade paj Genny’s Cakes and Cupcakes la sou Facebook)
Mwen souhete ou apresye ti videyo sa a. VoicesfromHaiti di Genevieve yon gwo mèsi pou tout ti sekrè li ban nou dekwa pou legim berejèn nou ka gou!

———————————————————————————————————————————————————————-
MELANIE B. CHARLES:  Jou a Resi Rive
Si w pa abitye tande pale de Melanie B. Charles, bay jis yon ti tan. Ou pral tande kont ou!
Melanie gen pou l pran plas li sou sèn Grammy Awards la yon jou.  Li gen pou li souri ak tout kè l. Yon jou tankou jounen jodiya, li gen pou li pran koup Grammy a pou bèl travay li kreye lan mizik dyaz la. Lè jou sa a rive, Melanie pare pou l remèsye Bondye ak tout fanatik fidèl li yo.

Melanie te fèt nanBrooklyn,New York. Paran li yo soti nan Pilat, Ayiti. Melanie rele tèt li ayisyen-Ameriken. Men, pa enkyete w! Kreyòl Melanie kanpe pi dwat pase yon epe.

Men ti pawòl Melanie di VoicesfromHaiti sou kesyon de respè pou jenerasyon ki pi gran pase nou an:

“Mwen te grandi nan yon kay ak tout fanmi m. Nou toujou apresye granmoun lakay nou. Nou respekte yo anpil. Granmè se tankou yon rèn,”

Melanie di li enpotan pou tout ti moun kominike ak granmoun yo. Se konsa ti moun yo va aprann kilti lakay. Se konsa pou yo aprann ki kote zansèt yo sòti: “Men, nou paka pale Anglè avèk granmè ayisyen nou yo. Fò ou pale Kreyòl oswa Fransè. Nou pa dwe bliye kijan pou nou kominike ak fanmi nou.”

Fanmi Melanie te ede l devlope yon gwo konpreyansyon de eritaj ayisyen. Li genyen anpil apresyasyon pou kilti a tou. Lanmou Melanie genyen pou Ayiti evidan nan repètwa li.”Mizik se lavi m,” Melanie eksplike nou. “Mizik se sa m’ap fè.”

Lè mwen te fè yon ti pale ak Melanie, li te jis fini yon pèfòmans. Li te yontijan fatige, men tout mo kite soti lan bouch li te ankadre ak rekonesans pou opòtinite li jwenn pou li fè traval ke li pi renmen lan laviya.

Melanie pa wont pou li di tout moun kijan li gen konfyans nan Bondye. Li di w ke se grann li kite enspire l pou li sèvi ak vwa l pou li adore Bondye.

“Sèvi ak vwa w ak talan w,” grann te di l. “Moun va wè ki bèl bagay Bondye ka fè.”

Premye album Melanie a, melanie charles & The Journey, se yon pwojè ki vrèman bèl. Tout mizik original yo byen konpoze; yo resevwa anpil atansyon. Kwè m si w vle, ou pral renmen travay sa a anpil!

Si ou prale Ayiti lan mwa pwochen nan, asire w pou asiste cho Melanie ap bay lakay.

“Chans mwen jwenn pou mwen ale Ayiti sa a sinyifi plis pase sa mwen te ka eksplike yon moun,” Melanie te di.

Melanie yon tijan enkyete konsènan vwayaj la, men li paka tann pou li rive sou tè d’Ayiti. Sa pral fè premye fwa ke li wè ak pwòp je l peyi natif natal fanmi l.

Sou sijè rekonstriksyon Ayiti a, Melanie di nou: “Gen richès nan kilti nou ki pèmèt nou jwi ibète nan yon fason ke lòt moun pa menm ka imajine. Jounenjodiya se moman pou tout atis nou yo pran devan pou yo kreye plis chanjman. Lè moun jwenn ankourajman atistik, yo gen tandans pran plis chans. Se pou sa ke nou bezwen pou tout atis nou yo kanpe. Jou a rive pou yo kanpe. Vwa atis nou yo konte tou.”

 Melanie ajoute: “Nou mèt di ke travay ki gen pou fèt an Ayiti an ap pran yon bèl ti  tan. Wi, se vre.  Peyi a chaje ak pwoblèm. Men mwen gen espwa ke lè atis yo mete men lan men ak tout kominote a pou nou travay ansanm, Ayiti va leve ankò.”

_______________________________________________________________________

Pou jenerasyon ki pa sou manje Ayisyen, Madame Genevieve Dumorne pral kwit yon ti chodye diri kole a pwa. Li pral anseye nou kòman yo fè bon ti manje lakay sa a. Pa manke videyo sa a. Pote plat ou. N ap tann ou! Kenbe. . .

Diri Kole a Pwa Rouj. Tounen sou sit la pou ka gade videyo sa a.

_______________________________________________________________________________

VoicesfromHaiti: Pou moun ki pa konnen Leonie Hermantin, se ki jan ou ta dekri tèt ou?

Leonie Hermantin: Mwen se yon manman, yon pitit fi, yon sè, yon matant. Mwen gen anpil fanm vanyan ki antoure m; se sa ki ban m ‘fòs pou mwen fè sa mwen fè jounen jodiya. Nan yon sans, yo pote m sou do. Manman m ‘te moutre m’ ke nou se yon pèp ki vrèman espesyal. Mwen se pwodwi anviwònman m ‘yo.

Mwen se yon Direktè pou Lambi Fund, yon òganizasyon ki pa pou pwofi ki gen misyon de sipòte manm nan kominote riral an Ayiti. Nou pa kwè nan kalite charite bay, bay, bay san rete. Nou egziste pou nou ofri asistans pou moun kap chèche lavi yo; moun kap redi pou yo kreye diyite.

Mwen travay pou Ayiti depi lontan. Mwen te toujou angaje nan travay pou Ayiti. Anvan Lambi Fund, mwen te travay nan kominote Sant la lan Miami. Mwen toujou akeyi opòtinite pou mwem travay an Ayiti.

Mwen toujou angaje nan travay ki sipòte peyi kote mwen te fèt. Mwen te viv nan peyi Etazini pandan karant ane ki sot pase yo, men travay mwen konsantre sou sipòte pèp ayisyen an.

Lambi Fund sipòte  efò fanm. Nou sipòte efò ki ede kominote a pou l ede tèt li sitou pou apre nou kite kay la.

Yon òganizasyon gendwa di nou “Nou plante mayi; sepandan, pou nou ta rantre yon ti lajan, nou sipoze moulen mayi an. Avan pou yon grenn mayi ki soti nan jaden ka mounte sou tab, nou dwe mache lwen–lan tout fe nwa, wout san sekirite. Èske ou ka ba nou sipò nan bati yon faktori pou ede nou lan sa? ”

Moun an Ayiti yo evalye posibilite pwojè a. Nou gade pou wè si manm pwòp òganizasyon an gen kapasite ak potansyèl pou li grandi sou asistans nou an. Yon fwa nou detèmine ke li se yon pwojè nou ka sipòte, nou fè tout efò pou nou sipote gwoup sa.

Anvan yo distribye lajan, nou bay anpil enfòmasyon. Nou anseye ki jan pou yo jere pwojè a. Nou vle ke moun yo reyisi, konsidere rapò gen pou fèt; yo sipoze montre kouman lajan an depanse.

Yon fwa nou bay fòmasyon an ak lajan, Lambi Fund remet responsablite a. Kominote a sipèvize konstriksyon faktori a. Yo pale ak moun k ap bati pou yo. Yo kontribye kèk materyèl konstriksyon yo menm. Yo se yon pati nan pwosesis la-depi nan konmansman rive jis nan fen. Yo se yon pati entegral nan aplikasyon pwojè a.

Nou pa rete ozalantou pou tout tan. Nou rete ak kominote a pou de ane. Nou kwè ke pi bon kado nou kapab bay se kapasite pou gason ak fanm aprann kijan pou yo kreye la vi pou tèt yo. Nou vle yo kontinye viv ak diyite lontan apre nou fin deplase. Lanbi Fund fè yon envestisman nan lavni yo. Se konsa nou travay.

Nou kwè nan diyite a ak potansyèl pèp ayisyen an. Nou kwè nan kapasite yo nan konnen pou tèt yo sa yo bezwen pou yo jwenn soti nan povrete. Nou pa ka di yo kisa ki pi bon bagay pou yo. Nou kapab sipòte efò yo–amelyore lavi yo. Alafen, yo pran desizyon final la sou jan yo ka rale tèt yo soti nan mizè.

Mwen fyè de ekip nou an an Ayiti. Anpil nan yo soti nan lavil la. Yo ale nan seksyon riral–kote yo pa abitye viv. Epi yo remèt travay ki depase fenomenn. Tèt yo ta gen dwa plen ak lide pejorativ ke yo atache a peyizan yo. Men, yo anplwaye gentiyes, yo respekte manm yo nan kominote a.  Ti moun kou granmoun travay ansanm. Yo travay! Anplwaye nou yo an Ayiti se pati solisyon an tout bon vre.

VoicesfromHaiti: Ki kote ou wè Ayiti lan 10 ane?

Leonie Hermantin: Moun dwe gade Ayiti sou nivo ki diferan. Mwen vrèman pa ka pale de Ayiti ki enfliyanse pa kominote entènasyonal la ak nan jaden flè mondyal. Mwen vrèman pa ka pale nan sa paske ke Ayiti sa a pa trè klè pou mwen jounen jodiya. Mwen swete mwen kapab di ke mwen wè Ayiti soti nan kondisyon aktyèl li yo. Mwen swete mwen te ka di ou ke mwen prevwa yon Ayiti kote tout timoun ap resevwa yon bon edikasyon. Mwen pa ka di sa.

Sa mwen ka di se ke detèminasyon pèp ayisyen gen pou li rete kòm li ye jodi a. Nenpòt moun ki pral sou pouvwa nan tan sa a pral bezwen fè regleman avèk detèminasyon pèp ayisyen an.

Nan dis ane, pèp ayisyen yo ap kontinye fè tout efò pou yo bay timoun yo bon edikasyon. Yo pral kontinye lite pou fanmi yo ak avni yo.

VoicesfromHaiti: Ki sa ou ta reponn moun ki sijere ke Ayiti ta gen dwa pi devlope anba kontwòl lòt gwo peyi yo?

Leonie Hermantin: Nan yon fason defakto, Ayiti anba anpil ‘fòs deyò.’ Men, yo te echwe pou koute pèp ayisyen an.

Ayisyen-Ameriken yo tou panse ke yo konnen sa ki pi bon pou moun lakay. Nou panse ke nou konnen tout sa ki pi bon. Nou panse ke moun ki gen degre sou mi, sou biwo, etc. se yo ki gen tout repons yo. Sa se pa laverite. Nou bezwen develope vwa nou; se moun ;akay ki konnen ki sa ki pi bon pou pwòp fanmi l. Sa rezon sa a ki fè Lambi Fund egziste: nou ka tande vwa moun yo.

Koute sa moun yo di ak pwòp vwa yo se yon pati lan solisyon an. Nou gen pou koute vwa pèp ayisyen an avan twòta barenn.

 

______________________________________

Konbit: Yon Ti Lide

Patrick Lafrance

 Gen anpil mo yo sèvi pou jwenn yon esplikasyon pou gwo mo de silab yo rele konbit la. Yo rele-l tèt kole, kole zèpòl, men kontre; tèt ansanm elatriye…

Gen lòt moun tou ki ale pi lwen jouk nan drapo nou pou rele konbit“l’union fait la force” Tout non sa yo gen anpil valè, men yo pa ase pou konprann konbit tankou yon felomen sosyal. Nou rete kwè moun ki nan kesyon lang nan peyi a gentan depase deba sa

Konbit se yon fòm “koperativ travay” ki gen sous li nan Afrik west espesyalman nan peyi Dahomey ak Cameroun kote travay latè te jwe yon wòl enpòtan nan ekonomi peyi sa yo lide tèt ansanm tou fè chimen pou rezoud kek pwoblem nan sosyete sa yo.

Apre komès moun nan yon yon sans tou te fi-n kaba nan karayib la, anpil pep afro karayibeyen te tounen fermier ak kiltivatè, yo te vi-n rapouswiv ak menm

tradisyon“travay troke” nou ta ka rele tou: Banm m-a ba-w, ki pran diferan non ak fòm selon peyi osinon zòn kote y-ap pratike-l la. Kidonk anpil sosyete gen fòm“koperativ travay” pa yo.Bò lakay pa nou yo rele-l konbit kote yon manm kominote a bezwen koudmen pou yon travay tankou: plante osinon sekle yon gwo jaden. Moun sa dwe mande yon chef eskwad (yon moun konfyans yo konnen nan zòn nan) kout men pou mete tout moun ansanm sou fòm gwoupman pou travay la ka rive fèt.

Yon lòt bò moun ki resevwa sèvis la osinon koudmen an reskonsab pou li bay manje ak bwè. Nan okazyon sa, yon chef eskwad ak asosye-l pran kontwòl yon gwoupman kiltirèl anndan konbit la rasanble zouti tankou: fè, souflèt tanbou, lanbi enpitou yon moun espesyal pou chante yo rele Chantre ap chofe rès moun k-ap travay yo.Sa lakòz kelkanswa gwosè travay la li fèt ak anpil plezi nan yon tan ki pa twò long.

Poutan valè yon konbit pa senpman rete nan plante ak sekle latè.

Ou jwenn konbit la nan tout moman nan lavi kominote a kote leta toujou bay demisyon.

Sitirasyon lanmò kote yo bezwen konsèy ak men fò.

Gid moral k-ap denonse pratik grenn sal ki pa nan interè kominote a, elatriye…

Tradisyon sa nan peyi tankou:

 

  • jamayik yo rele-l: day work, ak digging
  • Nan Tobago land hand
  • Nan Trinidad li se Gayap
  • Enpi bò kote pa noun Ayiti yo rele tèt ansanm sa, osinon “koperativ travay” sa “konbit” Geyograf Ayisyen Kanadyen yo rele Georges Anglade nan liv li ki rele l’espas Haitien rezève yon ti plas sou kesyon konbit la li rele (Le coumbitisme)

 

Nan menm sans sa gwo powèt, Romansye, Kominis Ayisyen Jacques Roumain nan ane 1944 yo te ekri yon kokenn chenn roman ki rele“Gouverneurs de la Rosee” toujou gen yon plas enpòtan nan literati pèp karayibeyen ak Amerik Latin.

Nan roman sa, Jacques Roumain montre kouman tradisyon konbit se yon gwo zouti mobilizasyon ak yon sous inite pou moun k-ap viv Nan seksyon riral yo an ayiti.

Se yon roman jenerasyon jounen jodi a kontinye ap aprann nan inivèsite kou nan sal teyat nan karayib, Amerik latin ak ewòp.

 

Tounen sou premye paj la

 

————————————————————————–

 

 

Ibi Aanu Zoboi: Memwa se Pouvwa

Ibi Aanu Zoboi in Haiti (Zoboi photos)

Se ak anpil fyète nou prezante w Ibi Aanu Zoboi (ne Pascale Philantrope), yon nouvo jenerasyon ekriven ki sòti lan vant manman Ayiti, men ki te oblije kite Port-au-Prince a laj de kat lane.  Sèjousi, Ibi abite New York ak mari l e pitit li. Men, lespri l e memwa l konplètman sou peyi lakay.

Moun ki gen abitid li kout kreyon Ibi mete sou paj pa gen dwa akize l de medyokrite. Pwent kreyon ekriven sa a pa kanpe sou yon sèl dimansyon;  Ibi ekri istwa ki gen baz yo dan lespas—lan lòt planèt ki si tèlman lwen se ak imajinasyon n sèlman na rive la.

Ibi konpoze istwa syans fiksyon. Li dispoze l pou l anime literati Ayisyen an ak kont e pawòl k ap voye imajinasyon nou lwen.

Ibi mande pou nou bay lòt narativ yo yon ti chans. Nou dwe eksplore lòt resèt ki ka fè nou kalkile e imajine lòt posibilite.

“Earthseed,” se yon istwa Ibi ekri ki pibliye lan yon liv bilang ki selebre vennsenkyèm anivèsè Caribbean Writer an. Yo rele liv sa a Ayiti/Haiti. Se Pwofesè Opal Adisa Palmer ki rasamble plizyè ekriven Ayisyen pou konbit literè sa a.

Lan kòmansman ane 2011 lan, yon istwa Ibi ekri te sòti nan Haiti Noir­: yon liv Edwidge Danticat te edite. Se Akachic Books ki te pibliye liv sa a.

Haiti Noir la te jwenn anpil chapo ba lan men kritik literè yo ak moun ki te gen chans li l. Kontizasyon Ibi mete lan liv sa a se de yon gason ki gen twa madanm an kachèt. Misye alèz pase krapo lan touf mouch zèl dore. Malerezman pou li, lè evènman 1/12/2010 la pase, misye oblije simen sekrè l lan lari — dekwa pou li sove medame yo. Kesyon istwa Ibi a reponn se kilès lan pami twa dam yo misye chwazi. E pou ki rezon.

Anvan nou rantre sou entèvyou a ak Ibi, pa bliye w ka jwenn bèl istwa Ibi ekri yo sou Nèt la, lan antoloji tankou Dark Matter: Reading The Bones. Sonje tou ke Ibi te resevwa yon gwo pri de Brooklyn Arts Council pou pwojè Daughters of Anacaona Writing Project ke li te fè an Ayiti.  Ibi gen gwo promès kòm ekriven. Panye li plen ak bon jan de koze.

 

Ibi Aanu Zoboi (Zoboi Photos)

IBI AANU ZOBOI:

Mwen ta renmen wè yon lòt Ayiti…Yon Ayiti ki pozisyone dan lane 2050, pa ekzamp. Nou sipoze imajine lavni nou, fiti peyi a. Ameriken yo imajine fiti yo toulejou; yo imajine kijan peyi yo ka ye lan dizan, lan yon santèn lane. Sa pèmet yo anvizyone lavi yon lòt jan. Se sa mwen ta vle pou Ayiti tou. Mwen ta renmen wè literati ki voye nou dan lespas. Mwen vle wè plis syens fiksyon. An nou imajine Ayiti lan yon lòt dimansyon.

Imajinasyon, mwen mèt di l, se sijè moun afè bon diskite. Se gwo zafè lè yon ekriven konpoze yon teks, epi moun achte liv sa a. Kesyon sosyo-ekonomik la sitou sou teren piblikasyon an Ayiti (tout kote) pa pèmèt mas pèp pibliye zèv yo.

Antouka, nou kòmanse wè anpil ekriven Ayisyen ki dispoze pou yo ekri istwa ki diferan. Kote nou te kanpe sou pon literè a pa t ap pèmèt nou travèse gwo dlo. Istwa nou te rakontre yo te prèske menm. An nou voye imajinasyon pi lwen, dekwa pou nou ka respire. Konsa na kontre ak pi gwo konesans, tou.

Deja, pou yon pèp ka chanje jan l panse, li bezwen yon kokenn tounavis mantal. Revolisyon 1804 la te rapote n anpil istwa pou nou ekri. Kou deta sou kou deta bannou senkantmil kont pou nou tire. Evènman douz janvye 2010 la oblije nou imajine lavi n yon lòt jan. Atis Ayisyen yo itilize katastwòf sa a pou change ansyen narativ la. Nou pa dwe kontinye remèt menm kout kreyon lontan yo.

 

“The Harem” pa t premye istwa mwen te voye bay Ewdidge Danticat pou liv Haiti Noir la. Premye istwa a se te sou lavi yon rèstavèk. Yo pa t asepte l.  Nou yon ti jan twò abitye ak istwa sa yo.

Apre katastwof la, Ayiti te lan sevèl mwen vennkat sou vennkat. Maten, midi, swa, se Ayiti sèlman ki te kouri lan venn mwen. Pou byen di-w tou, sis semèn avan douz janvye 2010 la, mwen te vinn aprann ke mwen te gen yon sè bò papa-m. Yon dam ki genyen 7 anplis mwen. Mwen pa t wè-l depi-m te gen 4 an. Lè-m vinn rankontre sè sa, lavi-m chanje dis fwa.

Mwen pa t janm bliye figi l. Si mwen te wè l nan yon foul, mwen ta p toujou mande tèt mwen ki moun sa a? Ki moun sa a? Jou mwen rankontre la, nou fè konbyen lontan na p pale de tout bagay ki te pase n dan lavi. Plis nou pale, plis nou sonje; plis nou sonje plis nou regrèt tan nou pèdi kòm fanmi. Men, memwa, tout bon vre, se pouvwa.

Mwen sonje douz janvye trè byen. Mwen pa t ale travay tèlman m pa t santi m nòmal. Tout kò m te tankou yon moun yo te bat. Menm yon kreyon m pa t gen kouraj pou leve l. M pat konprann rezon k fè m te santi m konsa a.

Dan laprèmidi, lè yon zanmi telefone pou di’m bagay la pase sou tè Ayiti, mwen konprann imediatman. Nanm mwen te konekte ak Ayiti tankou yon moun lopital konekte ak tib sewòm lan ponyèt li. Mwen pa t konnen Ayiti te toujou fon lan kèm konsa. Mwen te kite a 4 an.

Manmanm menm gen dèzane depi li panse ak Ayiti. Li te toujou rele sou mwen si-m te di mwen te vle al pase detwa jou lakay. Moman li tande bagay 12 janvye a, pesònn pa t ka console manmanm.

Dan l te sere ak emosyon. Li pa t di yon mo ditou. Mwen te konsène pou li tout bon vre. Detwa jou apre, manmanm esplike m yon seri de bagay. Se moman sa a tou ke  mwen te vinn aprann pou ki rezon nou te kite Ayiti. Men te toujou bezwen konnen sa ki te fè nou kite peyi-n.

Manmanm te fini pa eksplike m ke avan l te oblije kite Ayiti, li te gen anpil pwoblèm. Li ta p eseye sove lavi l ak lavi m, tou. Le te oblije kite.

Lè mwen mande l pouki, repons li manke lage m atè.

Te gen yon ti fi mwen te konnen avan m te kite Ayiti. Mwen te konn jwe ak ti fi sa a. Se te bon zanmi m li te ye. Nou te fè foto ansanm—yon bèl foto mwen genyen jiskanojou. Aprè bagay la pase 12 janvye, manmanm di-m ke tifi sa a se sè-m li ye—bò papa m.

Papa-m te gen anpil lòt madanm. Anpil lòt. Li te fè konbyen pitit ak tout dam sa yo. Manman m te yon jèn fi lè li te renmen ak misye. Lè manmanm vinn aprann ke misye se te yon paspatou,  kè manmanm fann an de. Manmanm te kouri kite peyi a pou misye ak tout lòt medam li yo.

Jou mwen aprann nouvèl sa a, mwen rele sa ki p gran pase-m nan. Mwen eksplike l tout bagay manmanm kakonte m. Gran sè m nan pran nouvèl la kè pòpòz.

Li di m wi li te konnen bagay sa yo deja. Se mwen sèlman ki pa-t okouran de anyen. Mwen te egare, mwen te avèg.

Lè manman m ban m vrè non ti fi m te konn jwe ak li a, mwen voup mwen monte sou Facebook. Chans pou mwen, mwen kontre ak li. Tranbleman an pat manyen’l. Mwen voye mesaj pou li sou Facebook, li reponn imedyatman. Se kòmsi li ta p tann mwen kontakte l.

Non. Li pa t konenn ke se sè m li ye.

Li te konn papa-m. Papa nou. Misye se te yon gwo nèg O Kay. Anpil moun te konnen misye. Li te popilè. Lè misye mouri an 1991, yo te pase antèman l lan televizyon. Sè m te gade pwosesyon sou tele—san li pa t konnen si moun nan se papa l lit e ye.

Se mwen ki apran n li ke se papa nou misye te ye. Nou de a gen twa mwa diferans sèlman. Se kòmsi nou te marasa. Nou manke marasa menm!

Moman m finn tande tout pawòl sa yo de papa m, enspirasyon pou ekri anvayi m. Mwen ekri “The Harem” lan de jounen. Imedyatman aprè m finn ekri l, yon rivyè koule nan zyem.

Gran sè m nan toujou pale pozitif de papa n. Li di misye te yon bon papa, men li te yon move mari. Eksperyans sa yo chanje jan m ekri jodiya. Rezèvwa’m plen sèjousi ak kont. Lontan mwen te konn ekri sou ekperyans Afriken-Ameriken yan. Men, se pa t sa mwen te sipoze fè. Mwen konnen sa kounyèa—akoz de tout bagay ki pase m. Mwen reyalize m sipoze ekri de peyi m ak zansèt mwen.

Mwen ak sè m yo anfòm. Nou antann nou. Lè m t ale Ayiti apre tranbreman an, se kay sè m te fè k rankontre a ke mwen te desann. Se sè sa a mwen te fè vi m ap chache. Sa k pi rèd la, nou sannble tèt koupe. Nou gen twamwa diferans sèlman. Anyen pa t manke pou nou te marasa.

 

 

———————————————————

Sitwayen Buyu Ambroise

Lè yo rele w dyaspora, se yon jouman l ye. Mo a se tankou yon baton. You pike w ak baton sa a. Yo bat ou ak li. Mo dyaspora sa a se yon maling sou repitasyon w. Lè yon moun ann Ayiti rele w dyas, se tankou w se bagay ki pi sal. Ou pa bon. Ou pa gen dwa louvri bouch ou lan okenn konvèzasyon. Yo defann ou sonje peyi w, fanmi w, zansèt ou; nou eritye tou. Si yo te ka revoke dwa w pou rele tèt ou Ayisyen, yo ta fè l. Antouka, tout moun konnen byen ke depi se Ayisyen w ye, ou Ayisyen pou tout tan. Jusqu’a la fin. Ayisyen pou yon jounen, Ayisien pou tout tan. Nan nenpòt ki kondisyon.

Buyu Ambroise se youn lan pi gwo atis k ap viv jodiya. Se yon saksofonis ki trase anpil chemen pou lòt atis, sitou lan djazz. Nouvo jenerasyon mizisyen k ap travay sèjousi dwe yon dèt a tout atis ki fè wout dekwa pou yo ka pase, espesyalman Buyu. Nou kontan fè yon ti pale ak Sitwayen Buyu Ambroise pou VoicesfromHaiti.

Pou moun ki pa konnen Buyu Ambroise, n ap ofri w yon ti entwodiksyon. Nou konnen wa p jwenn anpil enspirasyon ladann kanmèm.  Depi w gen yon chans, kouri (pa mache) pou tande Buyu Ambroise lè l ap eksprime tout lanm ni andedan yon pyès mizik. Se yon experyans ou pa p bliye.

Buyu Ambroise se moun Port-au-Prince. Fanmi l, bò papa l, sòti Jakmèl. Men, Buyu di li toujou kenbe yon tradisyon jakmelyen. Se la zansèt li moun.

VFH: Depi konbyen tan ou kite Ayiti?

Buyu Ambroise: Premye fwa mwen kite Ayiti, mwen pase de lane lan Kongo, an Afrik. Apre sa, mwen te tounen Ayiti. Mwen rentre Nou Yòk milnèfsanswasannsèt. Mwen te ti moun. Se te pandan epòk diktati François Duvalier a. Yo te konn arete moun vennkat sou vennkat. Yo te pran yon monnonk mwen. Yo te arete kouzen m tou, swadizan pou rezon politik. Se lan koze saa anpil moun te oblije kite peyi a. Anpil moun lan klas moyèn nan te mare pakèt yo. Chèf yo—moun ki te sou pouvwa yo—te bay presyon nèt ale. Yo te konn fòse ti moun patisipe lan parad, menm si paran yo te vle; menm si yo pa t vle. Lè yon selebrasyon pou chèf yo tap fèt lan katye w, pèsonn pa t gen lachwa. Ou te oblije patisipe lan selebrasyon sa a. Se pou rezon saa ke papa-m te deside pou nou kite. Ayiti te danjere. Li te difisil pou jwenn lavi.

VFH: Ou retounen lakay souvan?

Buyu Amrbroise: Pa si souvan ke mwen ta renmen. Men, gen de zafè nou oblije pran jan yo ye. Mwen vle tounen lakay pou mwen tranpe m lan kilti a. Lè moun viv lan peyi etranje twò lontan, yo pedi yon moso reyalite ki enpotan. O nivo de mizik, li ta p bon pou mwen tounen. Sa ta p rann li posib pou mwen jwen yon pwofondè lan kilti lakay lan; ou ta tande rezilta a lan mizik mwen.

VFH: Ou sonje premye fwa ou touche yon saksfofòn?

Buyu Ambroise: Wi. Pou byen di w ou, mwen te gen chans leve lan mizik lakay mwen an Ayiti. Papa m te pyanis; li te yon gwo fanatik mizik. Kouzen m, tou. Lè vakans, se te sa nèt! Yon kouzen m te konn vizite lakay nou ak anpil lòt mizisyen. Moun te konn danse; sa te anrichi tout nou sou katye a. Sa te bay yon ti kè kontan. Nou te toujou gen mizik bò kote nou,. Se pandan mwen te lekòl segondè lan Nou Yòk ke fondasyon mizik pa m te kòmanse fèt pou tout bon.

Lekòl segondè a te egzije tout elèv patisipe lan yon klas atistik avan pou yo te ka diplome. Mwen te dakò; men, mizik se pa t yon bagay mwen te panse m ta adapte’m ak li tout lavi m.

Pwofesè lekòl la te mete’m lan yon klas kote elèv ta p prann chante. Mwen pa t renmen klas sa a ditou. Mwen pa t aprann anyen de mizik. Lè klas la ta p chante, mwatye elèv yo te sèlman bat bouch yo. Yo te fè kòm si yo ta p chante. Pwofesè a pa t menm ka reyalize sa. Se te yon jwèt. Mwen pa t lekòl pou m pèdi tan m.

Mwen te mande pwofesè a pou li transfere m lan yon lòt klas. Li te dakò. Lòt klas la se kote elèv t ap aprann gita, pyano, twonpèt, bagay sa yo. Se konsa mwen te derape. Premye enstwiman mwen te pran se te flit. Men, saa te ban m yon ti difikilte. Mwen pase yon mwa ma p eseye jwe l; mwen pat satisfè.  Jou pwofesè a di m pran yon saksofòn pito, se te premye renkont mwen ak li. Otomatikman ke mwen manyen saksofòn lan, yon atachman devlope.

Mwen pat panse mwen ta fè tout vi m ak saksofòn nan. Ou konnen kilti lakay se pa bagay ki ankouraje ti moun pran mizik pou metye yo. Se youn lan tradisyon nou genyen lakay nou. Epitou, genyen yon nosyon ke mizisyen pa mennen yon vi ki saj, ou konprann. Paran ayisyen pa bay ti moun sipò pou yo adopte mizik  pwofesyonèlman. Yo pa bay mizisyen menm enpotans ak yon medsen oubyen yon avoka. Paran m te toujou konprann ke jou m fini lekòl, pawòl mizik la tap sispann imedyatman.

Sa k te vinn rive: Yon ti tan aprè m te pran diplom mwen, mwen te achte yon saksofòn pou fè tèt men kado. Sa te fè yon gwo diferans pou mwen. Lè yon enstwiman mizik se pa w li ye, ou jwe lè lide w di w. Mwen pa t bezwen remèt saksofòn nan lè mèt lekòl la mande l. Mwen te konn jwe maten, midi, swa. Se konsa mwen te konmanse devlope kòm mizisyen.

Si mwen te jwenn yon moun ki te fasilite edikasyon m sou kesyon mizik la, mwen pa ta p pran tout tan mwen te pran pou aprann sa m te vle. Men, se paran m ki te tout mwen. Mwen te koute yo, natirèlman. Yo te konseye m aprann yon metye ki rele metye. Mwen pa t jwenn yon moun pran menm pou gide m sou chemen mizik la. Jou mwen te jwenn ak detwa kanmarad ki jwe pyano, gita, bas, nou kreye yon gwoup. Nou jwe ti mizik dansan, ti mizik konpa pou fè moun danse—bagay konsa.

Se lan anbyans saa mwen rankontre Reginal Policar. Nou de a te lekòl tou, se sa ki fè nou pa t jwe san rete. Mwen ta p aprann syens politik lan kolèj; etidye te pran tan m. Men depi yon ti okazyon te prezante l, nou te jwe ti mizik nou—pou distrè n.

De tout fason, nou pa t janm mete lan tèt nou ke nou ta p pran mizik pou pwofesyon n. Sa nou pa t konprann se plis yon moun jwe mizik, plis mizik la mande w pou jwe l.

Lè m remake ke saksofòn nan te vle okipe tout tan m, mwen te oblije bay sa vag konplètman. Mwen te fon lan edikasyon m lekòl. Mwen ta p gade wè si m te ka bliye koze mizik la nèt. Mwen te bliye l vre  pou yon bon ti tan. Men, jou mwen rankontre yon kanmarad lekòl, Ernst Marcelin, ki te lan Tabou Combo, tout bagay change. Misye te mande m nouvèl saks la. M’te esplike l ke m te kite l kay yon matant mwen, ke mwen pa t tèlman enterese ankò. Ernst di m, monchè ale pran saksofòn nan, tande!


Se aprè jou saa m kòmanse jwe mizik seryezman. Mwen te kòmanse fè anpil rechèch sou mizik. Mwen monte desann lan bibliyotèk toupatou pou m prete liv pou aprann sijè a byen. Lè m jwenn enstitisyon Dyaz Mobil la lan Harlem—yon kote yo te bay leson gratis—la vi m te chanje san pou san. Se moman sa a mwen te vinn enterese lan djaz ameriken an. Mwen te vinn ap tande mizisyen tankou John Coltrane ak Charlie Parker. Mwen te vinn konprann ke dyaz se yon langaj moun itilize pou yo eksprime tout sa ki lan lavi a. Tout sa yon moun ye, tout ekperyans yon moun fè vinn melanje ak mizik la pou kreye yon istwa. Djaz pèmèt atis jwenn tout mwayen pou yo eksprime tout sa yo anvi eksprime.

Premye jenerasyon mizisyen ki te vinn isit la, pat jwenn gid ditou. Nou te fè bagay yo jan nou te konnen. Tout sa nou te vle fè te pran plis tan. Jounenn jodiya nouvo jenerasyon mizisyen ki gen eritaj ayisyen jwenn rout ki déjà byen trase pou yo. Mizisyen ayisyen ki jwe djaz a letranje jwenn pon ki ede yo travèse pi vit; yo ka avanse plis pase jenerasyon avan an. Mesye sa yo degaje yo ase byen ke jenerasyon avan yo.

Lè yon gwoup moun pati pou letranje, li pran anpil tan avan pou l konprann sistèm nouvo peyi a. Nou menm ki pa t menm gen lang nan lan men nou, gen yon seri de bagay nou pa t pèmèt rantre ladan yo.

Nou te kraponnen. Lè yon moun pa gen lang yon peyi lan menn, moun saa gen anpil difikilte pou eksprime l. Moun nan kwense. Lè w kabap eksprime w, ou lib. Dyaz se yon langaj ki pèmèt moun jwenn ekspresyon san yo pa bezwen di yon mo. Pa gen yon kote wou late ke langaj djaz pa pale.  Se yon langaj global; tout moun konprann li san pwoblèm.

VFH: Ki ròl ou panse atis ayisyen ka jwe lan koze rebati peyi lakay?

Buyu Ambroise: Peyi a bezwen tout bagay. Moun bezwen dlo pwòp. Nou bezwen elektrisite. Nou bezwen bon rout. Nou bezwen yon seri de bagay pou moun yo ka viv tankou moun tout bon. Menm avan dezas la, anpil bagay te manke. Sa ki gen mwayen pou ede peyi a te toujou prefere boure pòch yo. Sistèm saa pa t bon; sistèm sa a mande chanje dekwa pou peyi a ka devlope.

Atis yo la pou yo fè konsyans nasyonal peyi a. Mwen toujou sijere tout atis m konnen pou nou pa kole kò n ak negativite; mete tèt nou ansanm pou nou fè yon bagay serye. Si w pa gen lajan pou bay lan kontribisyon, bay ton ti tan w.

Atis ayisyen yo vrèman pote peyi a sou do. Si se pent, mizisyen, ekriven, atis toujou imajine yon Ayiti ki tankou yon paradi. Imajinasyon ayisyen an se yon bagay ki rive lwen. Atis yo imajine gete lan yon peyi ki gen anpil tristès. Yo mete limyè kote ki fè nwa.

Malgre peyi a se yon kote yo mache sou li, yo kraze li, yo fe tout sa yo vle avè l, atis ayisyen yo kontinye imajine yon Ayiti ki bèl. Yon Ayiti ki bay lespwa.

Ayiti pwodwi jeni toulèjou. Lè yon moun mansyone bèl tablo ayisyen kreye, se pa jwèt! Se bagay ki gen anpil valè. Se trezò bagay sa yo ye. Moun ki gen koleksyon tablo ayisyen lakay li se yon riches li genyen. Atis yo rakonte istwa peyi a; yo kite yon ja kilti pou jenerasyon k ap vini yo

Atis yo gen dwa grangou. Yo gen dwa pa gen yon kay pou yo rete, mwen yo pa janm panse pou yo ta sispann kreye. Moun mande pou ki rezon atis sa yo kontinye travay san yo pa jwenn sink, san rekonpans. Moun nan grangou, men li la ak yon penso lan men l—la p pentire. La pli ap tonbe sou moun nan, men li la pi rèd.  Li kreye, l kreye–jiskaske l remèt yon bagay ki pote lespwa; yon bay ki kè kontan Se jeni ki pwodwi konsa. Ayiti se peyi ki pwodwi atis tout la jounen. Sou kesyon rebati peyi a, m ta di ke nou dwe mande tèt nou kijan pou nou sipòte atis lakay yo. Atis pote peyi a sou do. Sa a merite chapo ba.

Premye Paj Sit La

3 thoughts on “Kreyòl Pale”

  1. on ne devrait jamais permettre d’executer cet hymne sur ce ton de Jazz,c est un manque de respect pour notre drapeau.

Leave a Reply

Your email address will not be published.

We are Beautiful and We Are Here