De Tafyatè by Patrick Wilbert Lafrance

Arebò yon tab anboulatya de bwesonyè apiye-m de bò ap kale yon tafya sou yon ti pewon nan yon koridò toupre senjan Bosko.

De chèz an zing kontraryete ap danse yon kontredans anba yon chalè bilirin kap bay tèt chaje mete ak yon vant vid ki pa bay twòp chans fè nèg pa ka ret twò dou

Yon ti poban koulè jenesè kwa ki sanble ak yon ansyen gode youn nan yo kenbe ak anpil ladrès tankou lakwa, malgre gwo sekous kò lagepa janm resi rive tonbe.

Yon dlo klè k-ap souke nan yon poban ki sanble ak yon lapli nan tan nòde ap fè yon laviwonndede tanzantan kouwè chalè klerin an ap debòde pou rive jouk nan tèt li.

Nan yon jefò pou kanpe doubout toulede ap seye fiske youn ak lòt an je pete klere kouwè yon lenglensou ak baboukèt pou mare jansòt tankou madigra nan kanaval seleksyon.

Youn nan yo ak yon pawòl anba anba nan yon vwa ki soti lwen tankou nan lagoniap mande yon deba tèt anba ki paka ni tanmen ni fini ak yon men bije fè siyon kraze kite sa.

Yon plòt krache disèt wotè kòtakòt ak yon vomisman tout kalte lòbèy fè youn ak yon tupe men longè tankou yon degoutans pou boutèy ap bougonnen nou pran nan kaka

Ak anpil peripesi youn nan yo panche kò-l pou pran yon kou ou te ka tande yon son tankou yon tòl lè gwòg la rive sou bitasyon yon lestomak kawotyou ki chaje ak vid

Li fè grimas, tout kalte grimas tankou diskou komokyèl kandida gwògman nan zòrèy entèlektyèl bonmas
Ki pa janm ka di kouman kijan kann fè bay tafya

Premye paj la