“Ekzanfò”– Patrick Wilbert Lafrance

Nan kalfou lektò

Yon  bann yo rele Ekzanfò

Ap chofe pou pran lari

San-l poko janbe granri

 

Yon banbou ap plenyen

Pou fèt la ka tanmen

Se kouwè yon rejiman bèf

K-ap antre dèyè bwa nèf

 

Banm. . .banm. . .banm

Banm. . .banm. . .banm

 

Pi douvan yon lanbi

Ki file kou fè kay bòs gabi

Ap rele ak yon son ki soti byen lwen

Lwen kou nan ginen

 

Pi…pi…pi…

Pi…pi…pi…

 

Konsa yon kata byen manbre

Ki pa pè menm zotobre

Fè youn ak banbou

Pou makonnen ak yon tanbou

 

Ple…ple…ple…ple

Ple…ple…ple…ple

 

Ak yon son maji

Ki bay ren plezi

Yon tanbou byenakòde

Mete dife nan janm tout kokobe

Non m-pap….non m-pap

Poum pou dap…poumpoudap

Tibidip bidip…poulou

Non m-pap, non m pap

Yon son klewon ak yon vaksin klè

Tankou rasin san bout nou nan sintklè

Fè youn ak banbou

Yon sèl ak  kata enpitou tanbou

L-ap klewonnen

Si-m te ou m-ta wont…

Si-m te ou m-ta wont…

Non m-pap…non m pap

Non m-pap…non m pap

 

Kouwè bann nan fi-n pran

Yon ti mouche byen dyougan

Ak mouchwa tout koulè bò ren-l ap taye banda

Vire jon denpi nan tèt jouk bò bouda-l

Plaaa….Plaaa……raso

Pliiiit     Pliiiit… souflèt

Tout kalte pa, pa banda pa palaso

Pa ki Mele ak yon bann lòt pa yon pakèt….

Bann nan pranm, li rale-m

Li pranm denpi nan renm jouk nan pye-m

Konsa mwen leve chemiz mwen…mwen zoup… toup,,, toum…

Mwen fè kèk gouyad tankou tout moun

Patrick Wilbert LaFrance