Felicie M.: Jwe yon ti Jwèt a Katrevendizan!

Lè w gen 90 zan, epi w kouche plat sou yon kabann lopital, pa gen anpil biznis ou ka regle. Ou kole de grenn je w sou kat mi yo. Ou gade aparèy yo. Ou swiv doktè yo. Ak de je w fèmen, ou siveye dènye sa w kapab.

Respirasyon’w monte desann tankou chante Tim McGraw la ki rele Live Like You’re Dying (Viv tankou w pral mouri). Ou viv chante ya; se reyalite w.  Tim McGraw pa bezwen di w respire kòmsi w prèt pou mouri. Sèjousi, se metye w.

Ou koute mezi ti chanjman nan rit aparèy yo. Ou souke tèt ou tou dousman. Si ou renmen jwe avèk vokabilè abcd, ou ka reyalize ke pi fò mo ou itilize sèjousi fini ak “y.”  An Anglè “Y” gen menm son ak “Way”; men ou pa gen enterè gaspiye tan’w ap poze kesyon. Ou deja konprann ou pa p jwenn repons.

Ti moso fanmi w ki rete yo chita san konsolasyon. Yo chita tankou timoun grangou ka p rettann kras manje. Yo prèt pou yo endispoze. Dlo prèt pou kouri lan je yo. Yo pè gade malad la. Se kòd kè yo ap sote tankou timoun lan rekreyasyon!

Ti moso fanmi ou rete a kraponnen. Yo konnen byen se lan mòd chanm sa yo moun konn jwe jwèt ki pi enpòtan an–chanpyona final la.

Ay si you (ICU) konble ak moun malad ki vin fè konesans avèk lanmò. Pa gen yon kabann ki vid jounenjodiya, men demen maten wa jwenn menm senk ladan malad yo k’al bat zèl yo. Chanm yo gen abuelitas, grand-papa, grandmè, ak detwa <<M’te fout di w pinga w monte motosiklèt la.>>

Vizitè yo chita an plas, ou byen yo monte desann lan koulwa antiseptik la–tankou tòti ka p fè lago. Yo fè gwo diskisyon ak lonbraj yo. Anba yon silans ki lou sou zepòl you, yo mande poukisa? Pouki ou fè m sa? Yo rele way, manman, Anmwey.  Woy, Bondye. Why?”

Yo lapriyè  ak po je yo tankou bijou granmoun sere anba pil dra nan amwa. Menjan an tou, pa gen yon moun ki wè kisa malad la ka siveye dèyè po je pa l.

Fanm tankou Felicie M. toujou gen yon ti souri pou yo bay le tout moun fin rele.

“Mezanmi, pa gen yon moun ki kwè ti madanm sa a gen katrevendizan tout bon vre,” yon enfimyè di.

“Eske se ou ki pitit fi malad la?” yon lòt enfimyè mande’m.

Chak enfimyè ki vini poze menm kesyon an: <<Eske ou se pitit fi’l? Ou sanble avè l tèt koupe.>>

Ou remèsye enfimyè yo. Ou pran prekosyon avè yo; ou trete yo tankou zanj lan syèl. Ou di yo mèsi senkantmil fwa.

Ou konnen malad la pa p mouri. Pa kounye a. Fanm tankou l se orijinal la. Se li ki vayan tout bon vre. Fanm sa yo gen tandans viv pou letènite. Se yo ki konn trase chemen. Yo toujou kite mak yo. Yo rete vivan, menmlè yo fin mouri.