Ledikasyon Malediksyon: Katia D. Ulysse

Sa ki konnen konnen lontan se pa danfans ak cheve long ki bay lespri.

Pawòl granmoun di: Resitasyon, repetisyon, bèl fraz franse, kèlèkèkè, gwo mo, bouch sir, tilituti, pa p janm fè lam veritab monte tab.

Depi dè syèk lajenès ap rele anmwey, tanprisouple, sispann ranse ak bagay serye. Nou bezwen (e nou merite) yon chans pou nou fè tipatipa sou boulva pikan, anba solèy kout pikwa andedan peyi nou.

Sistèm edikasyon lokal la mande chanje. Nou pa dwe kontinye ap kilbite ale kay lòt moun, mande charite kay vwazen ki renmen voye dlo kivèt sal sou nou. Egzamen tètchat, filozòf katastwòf, bakaloreya magouy, sètifika koutkat, lekòl tètchaje, pwofesè jakorepèt.  Sètase.

Li te lè l te tan pou sèvo katpakat yo rezoud yon sistèm kòbòy kokobe ki pa pote ni bon ni bonbon; yon sistèm domaje, kraze, chavire tètanba ki bay kèplen, gwo trip vale ti trip; yon sistèm edikasyon malediksyon ki bay maladi grangou, maladi blokis mantal totalkapital.

Jou a rive pou nou sispann lave men ti moun yo ak  labou nan lakou Lekòl Dezòd, Lise Degize, Inivèsite Woymanman.

Kretyenvivan mande chanjman, pa jis pou nou rele alelouya amèn, men pou tout bitay ti moun yo sibi sou chemen kwochi an ayiti ka fè yo vanse toutbonvre.

-kdu

 

Premye paj la