Nèj

Picture 1573Nèj se yon kwa dore ma p trennen nan peyi etranje.

Se yon ponya file ak wòsh pigatwa ki pa janm fin ponyade.

Syèl la degrennen glas tankou kado dezyèm men Tonton Nwèl kite anba pye pen atifisyèl.

Nèj tonbe tankou asid ki fè tout po m dekale. Kouman w ta vle rad lamarye pèpè zonbi sa a ta chita sou de zepòl mwen? Abiman blan se dèy ki pa gendwa janm fè m byen.

Nèj lèd.

Nèj peyi dènye lo. Choublak pouri fè dekabès devan w.

Nèj pike kou zepeng gwo tèt. Li tranche pla men m, defigire m, fann tout zantray mwen. Tout bò kòt mwen rache tankou tant ranyon lapli mouye, van voye jete.

Nèj se kout pikwa ki derasinen nanm tankou yanm. Li pa p sispann jiskaske tout gout san w fin rann; tout machandiz vann a defisi.

Nèj fè zye m koule san. Li wete m nan lye verite; lage m nan manti.

Nèj kontraye m. Vire lòlòj mwen. Mete m tèt anba.

Nèj se nish foumi fou.

Nèj ekzije m pele poud blan ki lou pase siman simityè sou kav kadav. Fredi griyen tout 32 dan l. Fredi pwenti pase zong dyab, depase lang koulèv vèt.

Ayiti, an nou youn ranmase lòt. Pi bèl ti peyi; pa gen pase w. Ti manman dous ki kite rapadou dèyè. . . ki bay nèj refi, remèt li paspò l san siyati.

Nèj, ki lwa ki ba w dwa pou defofile zegwi m avan drapo ble e rouj mwen fin koud?

Choublak Haiti 2010

KADOU

“Nèj” by Kadou is dedicated to Ibi, M. Moïse, & ED)

Copyrighted material: 2014. Do not reproduce in any format without authorization from Voicesfromhaiti.