Mwadme se pou Ayiti

VoicesfromHaiti's HummingbirdAnyen pa fèm dòmi tankou lè lapli chante sou do kay la epi yon ti van ki soti nan lanmè pase nwit la ap karese rido yo toudousman.

Maten yan, fenèt la pote yon kat denvitasyon. Lanati site nonm. Ti cheri, li di, vin pran soulajman, konsolasyon, enspirasyon, tout saw bezwen. Nenpòt saw mande, map ba ou.  Lapli benyen dènye pye bwa nan lakou a, fèy yo klere tankou bijou.

Mwen leve maten yan avèk satisfaksyon, paske m konnen tout sa ki plante nan lakou a gen pou yo leve: pwa wouj,  pwa nwa, pwa kongo, pwa tchous, piman dous, piman bouk, piman cho, piman frèt, piman tyèd. Mwen plante mayi, asosi, kalalou, berejen, tomat, zonyon. Mwen plante ak kè kontan, paske m konnen nan dezoutwa mwa, fanmim a rekòlte tout kado lide tè ya di l pote. Na separe ak vwazen yo. Pawòl granmoun la di, moun ki pa manje poukont yo pap janm grangou.

IMAG2583Mwen leve maten yan ak yon ti farinaj nan jem tou. Map sonje yon ti peyi kote syèl la gen move jan. Lè se pa sezon siklòn, gen defwa, moun pa jwenn yon tak dlo pou wouze anyen.

Lapli renmen mize. Men, depiw tande Mwadme rantre, tout zèb kanpe sou pwent lespwa. Menm siw tande tout saw tande, nou rekolte kanmèm. Nou pap manke manyòk, mango, mayi. Nou jwenn ti asosi pou retire vant fè mal, lafyèv. Na jwenn maskriti ki fonn boul san ak doulè. Gen kanf. Jenjanm.  Na jwen leti pou nou fè konprès ki minote maltèt. Nou jwenn tomat, zaboka, kokoye, lam veritab, banann, patat, seriz. Plen kachiman ak kowosòl pou nou fè bon jan krèm. Na bouyi fèy kowosòl lè nou pa gen somèy. Na ranmase kado sou pye bwa yo. Na ranmase kado anba tè ya tou. Me se yon mwa ki pote bon nouvèl. Ane saa, nap sekle. An nou brase tè ya. Nap plante sa ki bon sèlman.

Yo mèt di sa yo vle, Ayiti se peyi ki gen anpil richès. Pa kite moun demantiw. Pa janm bliye sa.

Li Teks la an angle

Read the text in English

mIAMI MY GRAND MOTHER AT THE HOSPIRAL ORLANDO-001

We are Beautiful and We Are Here