Professor Michel DeGraff: Se pawòl nou ki mare nou ansanm

Kalkile sitiyasyon yon klas lekòl ann Ayiti kote yo defann elèv pale lang manman yo.  Sa vle di yo defann yo pale kreyòl. Nanpi fò sa elèv yo ap etidye, esplikasyon fèt nan yon lang yo pa konprann.  Lang sa a se franse.  Pwofesè ap pede pini elèv k ap pale kreyòl.  Men, pwofesè ki pwofesè, se goumen y ap goumen ak franse.  Pi fò egzamen pwogram leta se nan gwo franse elèv dwe ekri yo.  Depi yon 200 ane, abitid sa a la kwak lengwis modèn pote prèv kòmkwa kreyòl, tankou nenpòt ki lòt lang ki lang tout bon, ka sèvi byen pwòp pou li pale nenpòt ki pawòl konplike.  Ki fè se yon zouti ki anfòm pou enstwi moun.

Pi fò elèv ak pwofesè pale kreyòl sèlman ak papa, manman, frè ak sè yo, lakay yo, ak peyizan yo, ak moun katye yo, nan mache, elatriye.  Chante yo chante tout lajounen, se an kreyòl yo chante yo.  Istwa ak kont yo tire lè lannuit rive, se an kreyòl yo tire yo.  Pawòl ki nan tèt yo ak rèv yo fè, se an kreyòl yo ye … jistan lekòl konmanse landemen.

Sèvi ak franse kòm lang prensipal nan lekòl, sa lakòz kè kontan ak ladrès elèv yo kaba nèt.  Tank pwofesè yo pa koute pawòl Michel DeGraff, vye mès sa a pral kontinye bloke devlopman peyi a.

 

Kwak kreyòl se pa yon lang yo pale nan anpil lòt peyi sou latè, li se lang peyi pa nou.  Ki fè li gen valè nan nannan li, menm jan ak tout lòt lang.  Istwa ak kilti nou genyen kòm Ayisyen, se pa ti rich sa rich.  Kreyòl se yon pati enpòtan nan istwa ak kilti nou.  Epi kwak yo poko sèvi ak kreyòl jan yo ta dwe a, lang sa a se yon mwayen esansyèl pou edikasyon reyisi pou tout moun ann Ayiti.  Atik nimewo 5 nan konstitisyon ayisyen 1987 la prezante kreyòl la kòm “sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm …”  Men yon lòt jan nou ka di pawòl sa a: kreyòl se sèl lang ki kenbe pèp ayisyen ansanm kòm yon “siman” ki kenbe blòk yon miray ansanm.  Pawòl nou-menm Ayisyen pale, sa mare nou ansanm, tout bon.

Pwofesè k ap montre moun yon dezyèm lang, yo byen konnen ki kondisyon ki kle pou elèv reyisi vrèman vre: fòk yo konn ni li lang manman yo fen, ni ekri l fen.  Ann pran ka yon elèv ann Islann ki gen kenz an, ki li islandè fen fen fen e ki ekri islandè fen fen fen.  Kwak lang li pa menm gen 400 mil moun ki pale l sou latè a, poutèt li konn ni li l fen ni ekri l fen, l ap pi fasil aprann yon lòt lang pase yon moun ki pa konn ni li lang manman l fen, ni ekri l fen.  Klas kote elèv aprann lòt lang, se ladan n pou yo montre elèv yon lang etranje.  Lòt klas pi bon si yo fèt nan lang manman elèv ki ladan yo.  Sa se yon verite UNESCO deja rekonèt depi an 1950 kon sa.

Akò ki fèt sou dwa timoun nan Nasyon Zini rekonèt se dwa yon timoun pou li sèvi ak lang manman li.   Se yon manman dwa timoun genyen.  Men, se tout tan yo derespekte dwa sa a ann Ayiti, espesyalman nan lekòl, nan egzamen leta, nan administrasyon epi nan tribinal.  Nan sèvi ak franse epi ak lòt zouti ki fèmen pòt nan figi anpil Ayisyen, sa fè 200 ane depi òganizasyon ann Ayiti ap kore manman distans ki separe konbyen mil moun ki gen mwayen nan men yo ak konbyen milyon moun ki pa gen mwayen nan men yo.

Pwofesè Michel DeGraff nan inivèsite MIT vle bay konkou nan fè teren jwèt la vin egal-ego pou tout timoun ann Ayiti, nan bay lang tout Ayisyen natif-natal premye plas nan tout branch ak tout nivo edikasyon.  Michel di nou kreyòl Ayiti a se yon lang total ak pwòp gramè konplike li—menm jan ak angle, franse, amarik, japonè, yowouba, elatriye.

Renmen Michel renmen kreyòl la, se travay li pou lavi l.  Gen yon lide ki se poto mitan travay li.  Lide sa a, se konbyen kantite ane rechèch ak bon metòd ni nan lengwistik ni nan edikasyon ki apiye li.  Lide sa a, men li: se pou lekòl ann Ayiti sèvi ak lang manman elèv yo pou devlope konn li, konn konte ak lòt manman teknik edikasyon.   An menm tan, se pou nou bay pwofesè bon antrènman nan sèvi ak kreyòl.  Se sa ki pral fè bon jan edikasyon vin a dispozisyon mas pèp la fasil.  Bon jan edikasyon sa a va rive fè elèv yo aprann pi byen.  Epi y ap rive aprann franse, angle, panyòl pi byen tou.  Lang sa yo, nou mèt di se lang etranje pou prèske tout moun ann Ayiti.

Men sa Michel di: “Sa plis pase 200 ane depi n ap tande menm koze a.  Se koze sèvi ak franse kòm lang prensipal nan fè lekòl ann Ayiti.  Sa pa bay anyen.  An tou ka, se te yon mwayen pou kenbe mas pèp la san konesans lekòl ta dwe bay.  Sa fè peyi a pa devlope.  Epi tou, sa se youn nan rezon ki fè resous ak avantaj Ayiti genyen yo, prèske tout ale nan men moun ki deja fè pati gwoup sosyal ki anwo a e ki deja gen lajan.”

Kit nou dakò ak pozisyon Michel DeGraff la, kit nou pa dakò avèk li, nou rekonèt pawòl pwofesè a pale a se kichòy ki esansyèl nan koze rebati Ayiti a.

Men sa Michel esplike:

Pwoblèm lang lan, se youn nan gwo baryè ki bare wout Ayiti.  Toutotan nou pa regle pwoblèm sa a, Ayiti pa kapab avanse pi devan, Ayiti pa kapab antre nan chemen devlopman ki dwe pare pou li a.  Kraze baryè lang sa a se yon gwo tèt chaje poutèt prejije ki la lontan nan tèt anpil lidè, anpil pwofesè, anpil paran depi Ayiti konmanse kòm nasyon.  Fòk gen chanjman.  Nanpwen mwayen fè pwogrè san edikasyon mas pèp la.   Epi nou pa kapab bay mas pèp la edikasyon toutotan lekòl pa sèvi serye ak sèl grenn lang tout Ayisyen pale ann Ayiti.  Dapre pwogram ofisyèl leta a, se kreyòl ki dwe sèvi kòm prensipal lang nan lekòl primè, ki se sis premye ane nan lekòl fondamantal.  Franse ta gen pou yo vin avèk li kòm yon dezyèm lang.  Nou konnen se pa sa ki fèt.

Mwen wè kichòy ann Ayiti ki parèt mwen tris depase mezi.  Lè mwen te nan peyi a nan mwa jen 2011, mwen te pale ak timoun ki te fèk sot pase egzamen sètifika—egzamen jeneral leta timoun lekòl dwe pran nan finisman klas 6èm ane pou yo kapab antre lekòl segondè.  Tout egzamen an te an franse anwetan egzamen sou kreyòl la.  Te gen yon gwo diferans ant sa timoun yo konnen vre, sa yo konprann, ak repons yo te ka bay an franse.  Poutèt sa, yo pa te ka bay bon repons pou egzamen an jan sa ta dwe fèt.

Lè mwen mande Ministè Edikasyon Nasyonal de ki prevyen egzamen kreyòl la, yo di m Ministè a te ekri egzamen yo nan tou lè 2 lang yo—franse ak kreyòl—pou bay tout kandida menm chans.  Malerezman, kandida yo pa te rive gen menm chans tout bon vre: tout kandida mwen te palè avè yo kit se Lagonav, ki se Pòtoprens, yo tout te di m yo pa te jwenn egzamen an kreyòl anwetan egzamen sou kreyòl la.  Lè mwen di Ministè a sa, yo di m yo te remèt direktè chak depatman ni vèsyon franse ni vèsyon kreyòl; men, yo pa te verifye si vèsyon kreyòl la te rive nan chak sant egzamen nan tout kwen peyi a.

Kreyòl se sèl grenn lang pi fò timoun ann Ayiti tande lakay yo, nan kominote yo, nan legliz, tout kote yo ye chak jou.  Se pa timoun k ap viv alèz epi ki pale ni kreyòl ni franse nan ti gwoup tou piti klas mwayèn nan ak nan klas gran nèg yo.  Majorite timoun ann Ayiti se pitit mas pèp la.  Pi fò timoun sa yo, tankou pi fò Ayisyen ki abite ann Ayiti, yo pa pale franse.   E selon kondisyon y ap viv al ak selon lekòl y ale yo, yo pa ta fouti aprann gwo franse apre sis grenn lane nan lekòl primè.  Kouman pou nou sipoze elèv sa yo ta ka montre pwogrè yo fè lekòl lè egzamen fèt an franse ki se yon lang yo pa pale?  Sa ki pi tris nan mòd pase timoun nan tenten sa a, se lè nou wè pwogram ofisyèl la declare se ak kreyòl pou yo sèvi kòm prensipal lang nan lekòl primè etan y ap montre yo franse kòm yon lang etranje.  Malgre sa, elèv yo oblije pase egzamen ofisyèl la nan lang etranje a kwak pi fò elèv poko konn pale l vre.  An verite, sèvi ak franse kon sa, sa antre nan yon bèl pyèj byen prepare pou anpeche pi fò elèv rive nan lekòl segondè ak nan inivèsite.  Sa se revè “edikasyon pou tout moun” ajans entènasyonal yo ap soutni ak yon volim lajan.   Nou pa kapab sezi wè sa pa bay okenn rezilta.  E poutan, malgre pi fò Ayisyen se malere, Ayiti se youn nan peyi ki gen pi gwo pousantaj lekòl prive: plis pase 80% lekòl nan peyi a se lekòl prive.  Ki donk, tout lajan sa a, se lave men siye atè.

Katia D. Ulysse: Ki repons ou bay moun ki di lekòl an kreyòl bay mas yo reta angiz li ede yo?  Ayiti se youn nan kèk grenn peyi sou latè kote yo pale kreyòl.  Ki jan lekòl an kreyòl ta kapab ankouraje moun avanse pi devan?

Michel DeGraff:  Bon, mwen-menm mwen pa leve nan mas pèp la.  Mwen leve nan yon fanmi klas mwayèn.  Epi mwen te an pami pi bon elèv nan youn nan pi bon lekòl peyi a.  Malgre sa, gen de lè lekòl an franse te yon baryè, ni pou santiman nou, ni lòt jan, kwak te gen moun ki te pale franse ni lakay mwen ni nan lekòl mwen.

Kite m ba w yon egzanp ki an rapò ak ki jan lang ka fè abi sou santiman moun ata nan klas mwayèn nan.   Lè mwen te timoun, mwen te kwè m te konn pale “yon lang edmi”.   Kreyòl te vo mwatye franse!  Tankou anpil ti konpayèl mwen, paran m ak pwofesè m te konn fòse m pale franse ni lakay ni lekòl.  Lè nou te lekòl, egjizans sa a te vle di anpil nan nou te pito pa pale menm pou yo pa fè “fot”.  Se sa nou te fè pou kreyòl ki te chita nan fon tèt nou pa aji sou ti franse wòwòt nou an.  Vreman vre, kreyòl te sèl lang nou tout nou te pi pale fen.  Ak sa mwen vin konnen kounyea kòm lengwis, mwen vin konprann sa nòmal nèt lè kreyòl ki nan tèt tout Ayisyen natif-natal ap aji sou yon lòt lang pi fò nan nou mwatye konnen si yo konnen l vre.  Men, kalkile krentif ki nan kè yon timoun piti pou yo pa pase l nan rizib poutèt yon erè li ta ka fè an franse akoz de kreyòl li pi konn pale pase franse.

Jan zanmi m, Yves Dejean, gran lengwis ayisyen, konn di m, men solisyon timoun sa yo jwenn: “Annou pe bouch nou … an franse!”  Men tou, depi pwofesè ak granmoun nou pa la pou yo tande nou, se an kreyòl nou pran chenn.  Kote nou ta janm fè lide grennen franse lè n ap bay blag, lè nou sou tren foutbòl, pandan kanaval, oubyen nan nenpòt ki sikonstans kote nanpwen kache lonbrit oubyen lè nou pa bezwen fè enteresan pou okenn moun oubyen lè nou pa dèyè 10 sou 10 nan men pwofesè?

Mwen kwè sa mwen fèk esplike la a, se kichòy pi fò Aiysyen abitye wè ann Ayiti. Blag sou “franse mawon” ak sou “bouch si” pa manke.  Pawòl sa yo la pou pase moun nan betiz epi pou mete anpil Ayisyen nan wòl yo lè kreyòl fè yo pale “franse mawon”, “derespekte gramè franse”, pwononse mo franse ak “bouch si”, elatriye.  Malgre krentif ki pran anpil moun poutèt franse epi ki fè yo santi yo enferyè, se tout tan nou tande moun ap pede repete menm pawòl la: Ayisyen dwe pale franse paske franse se yon lang entènasyonal epi kreyòl pa lang entènasyonal.  Mwen bay pawòl sa yon non: “Franse se yon fenèt pou nou wè sa k ap pase sou latè a.”  Pawòl sa a pete moun mal anpil.  Menm lè yo mete franse devan kòm “yon fenèt pou nou wè sa k ap pase sou latè a”, se ak franse menm yo sèvi tankou yon baryè ki bare wout pi fò Ayisyen, ki bloke moun ki pale kreyòl sèlman epi ki kenbe yo andeyò gwoup ki gen avantaj ak lajan nan pwòp peyi pa yo.

Pi mal toujou, pawòl “franse kòm fenèt sou latè” sa a, pawòl sa a bliye yon manman kondisyon: fòk konesans chita sou fondasyon konprann ak entelijans ki dwe deja la nan tèt elèv yo pou yo reyisi aprann.  Ann sipoze ou fè lide monte yon gwo kay blòk ann Ayiti pa egzanp—espesyalman apre tranblemann tè a.  Premye bagay pou w okipe, se ki kalite tè ki genyen sou teren an epi ou fouye fondasyon yo selon teren an.  Ou pa ta vle bilding ou an degrengole.  Tou sa ki pi enpòtan nan chapant lan dwe kadre ak kalite teren ou genyen a epi fòk li konfòme l ak bon jan prensip konstriksyon anvan ou konmanse kalkile ki kalite fenèt ou pral monte.

Se menm bagay edikasyon mande tou.  Se pou ou reflechi byen reflechi sou sa yon timoun genyen, sou sa yon timoun pote ki sot lakay li epi nan vwazinaj li—kit se tèl lang, kit se lòt bagay.  Elèv ann Ayiti, tankou elèv nenpòt ki lòt kote, yo bezwen yon bon fondasyon nan afè lekòl.  Fòk ou sèvi ak sa yon timoun genyen ki rele l “chè mèt, chè metrès” kòm yon avantaj angiz ou wè l kòm yon traka.  Ou gen pou w al jwenn timoun yo jan yo deja prepare.  Annou pran egzanp peyi Japon.  Èske papa ak manman, pwofesè ak otorite leta o Japon fòse sitwayen peyi sa a sèvi ak angle ni lekòl, ni pou egzamen, ni pou tribinal, elatriye, poutèt nanpwen lòt peyi kote se lang japonè ki konmande?  Pa gen sa pyès o Japon.

Se sèten nou gen pou nou bay timoun yo yon fenèt pou yo wè sa k ap pase sou latè a. Men tou, nou vle ba yo yon fenèt pou yo wè bèlte peyi d Ayiti yon jan pou yo pa rete apa pou kont yo, pou yo pa gen baryè lang anndan pwòp peyi yo, menm si timoun sa yo fèt nan plenn oubyen nan mòn peyi d Ayiti, menm si yo rele yo “moun an deyò” ki sèlman vle di “moun ki rete an deyò lavil”.  Nou pa dwe mete “moun an deyò” sa yo an deyò kote pou yo ta jwenn bon jan edikasyon.  An tou ka, kote an deyò sa yo chaje ak bèl mèvèy peyi a: bèl sous dlo, bèl so, bèl lanmè, bèl pyebwa, bèl pwovèb, bèl pawòl an daki, bèl kont “timtim bwa chèch”, bèl istwa konpè chat konpè chen, bèl chante, bèl kout tanbou, bèl dans…  Nou merite gade bèl bagay sa yo tou.  Nou dwe rekonèt valè yo, renmen yo, epi ekri bèl koze an kreyòl sou yo.

Se sèten nou vle tout sitwayen peyi nou kapab rive rekonèt mezi sa yo vle konnen sou lòt peyi, sa k pre, sa k lwen Ayiti.  Men, lè y ap voye je sou tout bagay—ni anndan peyi nou, ni lòt bò dlo—fòk yo gen tèt yo konfyans poutèt yo fyè lè y ap pale kreyòl ki se pwòp lang pa yo, epi lè yo rekonèt tou sa ki gen valè andan zòn kote yo rete yo.

An tou ka, apre nou bay timoun nou yo baz fondasyon solid, nou ka montre yo franse kòm yon dezyèm lang pou yo gen aksè ni sou yon pati nan kilti peyi a, ni sou sa k ap pase nan kèk lòt peyi sou latè a.  Men, fòk nou pa bay tèt nou manti: majorite elèv sa yo pa p ka rive pale franse menm jan yo pale kreyòl. Epi tou, elèv ki ka apwofondi etid yo oswa ki ka gen opòtinite pou kolabore ak etranje ta dwe aprann lòt lang tou.  Nou dwe sonje nan pwòp zòn pa nou an nan karayib la, fenèt pou gade deyò sou latè a pi fèt ak lang tankou panyòl, angle … epi ak kreyòl tou—lè nou sonje divès lòt mòd pale ki sanble ak kreyòl pa nou an.  Nou jwen mòd pale sa yo ann Amerik, lan nò epi nan sid.  Nou jwen mòd pale sa yo pi lwen toujou, jis nan Oseyan Endyen nan peyi tankou Sechèl, Moris, Reyinyon.

Teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon se yon kokennchenn zouti pou fè elèv ayisyen kale je yo sou lòt peyi sou latè.  Pami ti gwoup elèv ki gen chans sa a ann Ayiti gen kèk timoun nan Lekòl Kominotè Matènwa (LKM) ki nan zilè Lagonav.  Yo deja konn sèvi ak divès zouti entènèt pou yo kominike ak kèk lòt peyi sou latè.  Yo sèvi ak sa moun ki pale angle rele “e-mail”, “FaceBook”, “Twitter”, “Google Translate”, “Skype” epi ak lòt zouti sou entènèt.  “Google Translate” se yon kokennchenn zouti ki pèmèt elèv yo tradui dokiman soti nan plizyè lang rive nan kreyòl.  Zouti sa a, ansanm ak lòt zouti sou entènèt, bay elèv yo kokennchenn fenèt sou sa k ap fèt nan lòt peyi sou latè menm si se kreyòl sèlman yo pale.

Kèk ti elèv LKM ki pi je klere, ki pi fò, gen tan montre fanmi yo ak pwofesè yo ki jan pou yo sèvi ak zouti entènèt sa yo.  Lide m di m youn nan bagay ki fè timoun sa yo gen tan vin gen ladrès sa yo se paske yo te gen chans gen tèt yo konfyans lè y ap aprann.  E sa ki fè yo gen tèt yo konfyans lè y ap aprann, se paske yo sèvi lib ak lang manman yo lè y ap etidye.

Ane sa a, m ap travay ak elèv katryèm ane lekòl primè nan LKM epi ak pwofesè yo a nan yon pwogram k ap sèvi kòm model nan manyen jwèt sou òdinatè pou devlope ladrès matematik.  Se Fondasyon Nasyonal Lasyans (“National Science Foundation”) o Zetazini ki finanse pwojè a. Sa timoun nan pwojè sa a reyisi bay kòm rannman nan sèvi ak jwèt sa yo, se kichòy ki ta enposib nèt si se an franse yo t ap travay: pou pi fò elèv ak pwofesè ni Lagonav ni lòt kote ann Ayiti, franse se yon lang etranje nan prèske dènye degre.  Reyisi nan matematik mande pou elèv yo kapab devlope koze y ap pale a lib epi pou yo kapab detaye rezon ki fè yo jwenn tèl rezilta.  Sa vle di lè y ap fè matematik yo dwe pale lang yo pale toulèjou a lib.  Pou prèske tout timoun ann Ayiti, lang pa yo se kreyòl.  Nan branch matematik (ak nan lòt branch tou), sèvi ak franse bare wout fè pwogrè ak reyisi pou preskè tout timoun ann Ayiti.  Se sèten se yon gwo avantaj si lekòl gen mwayen sèvi ak òdinatè ak panno solè ak koneksyon entènèt.  Tout bagay sa yo nou mal pou jwenn yo ann Ayiti.

Wi, mwen dakò:  Fenèt ki louvri sou tout tè a lè moun konn pale lang entènasyonal epi lè yo sèvi ak entènèt, an prensip sa bay bon konkou.  Men, fenèt sa yo ki louvri sou tout tè a konn tounen bann twal yo mare kouvri je.  Fenèt sa yo bay timoun kè sote lè moun voye lang manman timoun yo jete epi lè moun vle fòse timoun yo pale yon lang yo pa konnen. Sa se kichòy ki derespektan pou timoun yo.  Se kichòy ki fè yo pa genyen tèt yo konfyans.  An menm tan tou, gen prejije ki vle fè yo kwè lang entranje a pi siperyè pase lang manman yo.

Èske ou ta renmen rete sou tèt yon gratsyèl ak pi bèl fenèt estwòdinè pandan ou konnen fondasyon yo fèb nèt epi nanpwen anyen anndan an ki pou wou?  Ki mele w ak bèl fènèt ki louvri sou bèl bagay ou wè lwen etan ou sou tèt yon gratsyèl ki san lè pou li kraze?  Pa pito ou konnen ou sou bon fondasyon solid, youn.  Apre sa atò, apre sa sèlman, ou ta mèt jwi bèl fenèt ki louvri sou lòt bèl bagay nan peyi w ak nan peyi etranje.  Se lè ou gen bon fondasyon solid sa yo, w ap rive pwofite de lòt bèl bagay sa yo.

Se menm afè nan koze edikasyon lekòl pou pitit mas pèp la ann Ayiti.  Si se pa sa, nou gen yon pwoblèm “yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba”. Sa se pwoblèm Pwofesè Yves Dejean prezante nan liv li a ak menm non sa: “Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba”.  Se yon liv sou foli sèvi ak franse kòm lang lekòl ann Ayiti.  Montre moun li an kreyòl, fè lekòl nan tout klas an kreyòl, sèvi ak kreyòl pou tou sa ki enpòtan timoun dwe etidye, depi nan jaden d anfan rive nan klas pou gran jenn fi ak gran jenn jan ki nan inivèsite.  Sa nesesè pou peyi a devlope.  Sèvi ak lang manman tout moun nan lekòl nou yo, se sa k ap ban nou fondasyon solid ak bon baz konesans pou etid lekòl ki va pèmèt nou rive nan pi gwo degre konesans.

Tan sa a n ap viv apre tranbleman tè a, se yon okazyon pou nou repare fason yo fè lekòl ak fason yo aprann ann Ayiti.  Fòk nou gade tou sa nou fè jis kounyea epi se pou nou rekonèt sa pa bay bon rezilta.  Nou kapab fè peyi a avanse pi lwen lontan si nou derape ak yon baz edikasyon solid, yon edikasyon ki sèvi ak lang nasyonal nou an, lang tout Ayisyen pale—lang ki “simante” nou tout ansanm.  Sa se yon avantaj bab e moustach.

 

Pou plis enfòmasyon sou kòz pwofesè DeGraff, ale lan sit sa yo:

http://haiti.mit.edu

http://web.mit.edu/linguistics/people/faculty/degraff/publications.html
http://www.lenouvelliste.com/articleforprint.php?PubID=1&ArticleID=82891

http://web.mit.edu/newsoffice/2011/profile-degraff-0512.html
http://www.matenwa.org