Si Gen Travay? ~ by Katia D. Ulysse

WomanGen travay. Bak la chaje; men, gade kijan wa p banboche.  Nou gen devwa soti isit rive  jis dèyè syèl la. Pa gen tan pou gaspiye nan bwase manti ak bay kout lang tankou ti moun bwase labou bò larivyè. Si lavi an kout jan yo di l kout la, ou panse nou ko ka pran repo?  Ou di w renmen peyi n, men tout aksyon w konjige lòt vèb–kòmanse nan prezan depase pase konpoze. Pase pa w konplike. M swete w kè poze. Ou merite l.  Jounen jodiya bagay yo tèt anba, lanmou pran lari tankou ti chen ki bliye wout lakay li. Ou di w renmen ayisyen parèy ou, ou kwè se vre?

Mastè tanbourinè yo konn fè tanbou pale tout lang. Menm si yo pa janm jwen repons, yo pa antere tanbou yo. Ti atis tèt chat ki vle aprann dwe jwenn leson gratis; nou konnen denmen se yo ki pral anseye nouvo elèv yo. Demen chay kilti a pral tonbe nan men yo. Menm lan dòmi ou fè rit tounen lwil anba melodi san kòmansman san fen. Pataje ti gout ak timoun yo. Se devwa w kòm yon granmoun.

Moso pa moso, tikal pa tikal, nap fini pa pèdi tout, si nou pa pran prekosyon.  Zansèt ki te atis yo te koule bon beton kite pou nou. Yo te bati senkantmil pon ak pla men yo pou nou mache kou pan. Wout yo trase pou nou travèse, ale nenpòt kote. Yo te rann san. Yo te peye yon pri astwonomik pou nou ka eksprime sa ki nan nanm nou jodiya. Yo te oblilje kite peyi, manman, papa, pitit. . . yo mouri an ekzil. Yo antere anvan lè yo.  Anpil ladan yo antere vivan, ak yon ti bout chante, you ti bout pwezi sou lestomak yo. Lespri atis se bagay ki toumante fasil.

Jou a rive pou travay la fèt. Travay la sipoze fèt.  Pent yo dwe pentire. Dansè dwe kanpe sou pwent zotèy yo; vire sou talon yo. Aktè dwe jwe tout wòl sou tout sèn atravè lemond. Ekriven dwe ekri liv.

Bigaud, Obin, Bazile, Benoit . . . chedèv yo fann an de douz janvye. Men, se pa Katedral sèlman ki kraze. Wi, gen anpil travay! Atis ayisyen toupatou, an nou youn ankouraje lòt. Jenerasyon demen yan pral eritye tout byen nou kite pou yo. Ya p eritye tout mal yo tou.

fortune-cookie-fundraiser

Premye paj la