“Sonson” by Patrick Wilbert Lafrance

SONSON

Patrick Wilbert Lafrance

Bò lakay te gen yon ti gason yo te rele Sonson
Li t-ap viv ak yon bòpè-l. Toupre wout frè nan petyon vil.

Sonson te djougan li fè dezòd tankou chwal ki pran nan tintidyòd.
Anpil granmoun di yo pa nan rans. Misye bay moun degoutans
Jouk yo ba-l non “Ti landeng.”

Menm lè bòpè-l t-ap met lòd, Sonson te toujou ap bay dezòd
Se sa-k fè pi bèl kado-l te toujou de kout frèt nan rèl do-l
ak bò bouda-l.

Sonson te bay randman lekòl, men mak te sou tout kò-l
Pase-l pat vle tande.

Anpil moun pat tolere-l. Yo te pran-l pou sanzave.

Kòm fèt nwèl te toupre, ak joudlan ki ta pral rive,
Bòpè-l te pwomèt li yon bagay, sizoka li ta dakò chita lakay. Menm pou yon jou.

22 desanm nan lajounen, Sonson kase tèt Adriyen — Pitit zanmi papa-l Elifèt; yon nèg ki pa manje anyen fret

Ata glas li pase-l nan solèy.

Nan aswè, Sonson pran yon kal. Yon kal ki pat ret ak kal!
Enpi yo fè-l mande padon pou tout sa-l fè-k pat bon. Ak tout lòt dega li te lakòz.

23 desanm Sonson ret lakay san li pa nan batay.
Misye te leve ak kò fè mal ki te bay moun kè fè mal
Jouk yo mande bopè a pou li kenbe pwomès li.

Kòm Sonson te renmen boul anpil, bòpè-l desann lavil
24 desanm lavèy fèt nwèl, li achte yon kado pou Sonson:

Yon bèl boul.

Sonson te tèlman kontan, li jwe ak boul li toutan.
Se konsa yon jou li fè yon chout
Boul la mate, li jete sou wout yon panyen vèsèl ki te sou yon tab

Bòpè-l fache. Li met de men nan tèt. Li di tonnè! M- pral fout fè-w frèt!
Al fout ou nan panno! M-pral fout ou de kout danno pou ka korije.

Blaw…blaw…de kout danno nan do. Sonson rele kite-m fout an repo!

Blaw… blaw…blaww

Twa lòt kou bò bouda
Sonson rele anmwe… lanmèd ou pa fout papa-m.

Sou mo sa yo, Sonson ale li pa janm tounen.
Gen moun ki di yo wè-l sa ka gen kenzan
Gen lòt ki di plis pase sèzan.

Yo menm fè konnen li fini lekòl
Li gen yon dyòb kòm pofesè kreyòl
Nan yon kolèj nan pòtoprens.

Bòpè misye pa janm di ni krik. Ni krak.