Josaphat R. Large: Synopsis Pèsonaj Rosanna a nan « Haiti Noir »

Lè  kò  mwen te fenk kòmanse ap epanwi li nan lavi a, lè, antan ke jènn gason, mwen te prèt pou mwen antre nan kategori adolesan, manman mwen te aksepte pran lakay li, yon tifi ki te pitit peyizan ki te déjà gen relasyon komèsyal avèk fanmi mwen. Fanmi mwen ki lè sa a te genyen plis pase 2 komès nan Jeremi. Rosanna te soti tou fre nan yon tibouk nan Depatman Grand-Ans la, e li te bèl, ravisan, tankou yon flè ! Nou te gen apeprè menm laj, e mwen te kapab wè nan pwofondè zye li, li te gen anpil afeksyon pou mwen.

Men, epòk sa a, mwen te gen lide fiks pou mwen te ale nan Seminè pou mwen te vini Pè. Vrè lide ki te dèyè desizyon sila a – fòk men di li – se te lefèt ke, malgre mwen te ap evolye nan yon espas kote ki te genyen lajan, m te genyen yon gwo ladezirad pou mwen te ede sa ki te pi pòv pase mwen. Mwen te gen anvi jwe yon wòl nan sosyete a, pou mwen te ede malere ki te ape pase mizè nan lari bèl ti vil Jeremi kote mwen te fèt la. Mwen te vini anfan-d-kè, mwen te leve chak maten ale sèvi lamès. Kidonk, jwisans kòporèl ke seksualite te pote bay jènn gason laj mwen te tabou pou mwen, sa pa te antre nan vokabilè mwen ditou, sitou ke tout mon Pè te toujou di, sa, se yon zak ki antre nan kategori Peche Mòtèl. Sa pa te anpache mwen te bon zanmi Rosanna nan lakou lakay la. M te konnen pran yon grap plezi pou koute li ki t ap pale mwen de jenès li kòm peyizann e mwen te menm anvi pou yon jou ale pase kèk semèn lakay lafami li.

 

Men, nan lakou lakay manman m nan Bordes la, te genyen pitit yon gadyen yo te rele Senerè. Mouche te voye zye li ak tout seryozite li sou Rosanna. Misye te parèt damou anpil, men, Rosanna pa te vle tande pale koze sa a, li te menm di li pa te vle wè jènonm sa a ! Se nan konsa, yon jou nou te anvakans Bordes, tout moun nan kay la te soti, sete yon dimanch apremidi. Mwen pa konnen pouki sa, yon lide te pran mwen pou mwen te rantre lakay mwen, apre yon jounen nan legliz ap sèvi lamès. Lè mwen te rive nan kay la, mwen te tande yon kalite eskandal, yon rèl san mizèrikòd nan yon pyès chanm nan lakou a. Lè mwen ale envestige, mwen wè Senerè ki t ap seye vyole Rosanna. Yon Rosanna ki te déjà byen abiye avèk bèl rad dimanch li pou li te soti ale promennen. Mezanmi, si m pa te rive alè mwen te rive a, vyòl la t ap materyalize, si tèlman Senerè te mete britalite nan zak la. Zam li, men longè li (Sèks li) te déjà nan men li, pou li te pase nan estad final movezak li a. Lè misye wè mwen, li pete kouri, li sove. Rosanna lè sa a vole nan kou mwen, de ran dlo nan zye li, pou li remèsye mwen. Se premye fwa kò li te kole ak kò mwen, mete yon sansasyon lakay mwen ke mwen pa te janm konnen anvan eke mwen pa  p janm bliye. Men, pa respè pou li epi pou Bon Dye mwen te toujou ap lapriyè epòk sa a, mwen te dekole kò mwen sou li, epi mwen te promèt bèl tidam nan ke ma va toujou proteje li.

 

Rekonesans Rosanna te tèlman wo, li te sitèlman ap gade mwen tout tan avèk de bèl zye li yo ki te pòtre ak frechè nan fon yon krich dlo, ke nou te fini pa tonbe nan fè lanmou ansanm. Sa te dire plis pase 2 zan, jouktan mwen te kite Jeremi pou m te ale kontinye etidye nan Pòtoprens. 3 lane pi ta, lè mwen te ak yon gwoup etidyan nan lekòl segondè, apre yon egzamen enpòtan nou te byen pase, nou te pran lari ale banboche nan Pòtoprens.  Nou te ale ateri nan yon kafe kote nou te gen lentansyon pran plezi nou nèt-ale. Mezanmi, nou pa p kwè mwen, lè ma di nou ki moun ki te fenk debake soti Jeremi, vini chache lavi li nan Pòtoprens, sete Rosanna. Lamitye nou vini reprann. Chak jou, li te fè manje kite pou mwen nan kote li t ap travay la, epi, detanzantan, mwen te konnen pase chache li pou nou ale nan sinema osnon ale promnen nan chan-d-mas. Se nan konsa, lè yo te fè atanta sou Jean-Claude Duvalier a, lè yon gwoup Tonton Makout te fann dèyè mwen, mwen te kouri al kache nan chanm Rosanna nan kafe a, se li ki te sove lavi m.

 

Tan pase, tan koule arebò nou, tan deplòye kò li pandan peyi Dayiti li menm fè konbyen tan ape pase nan twou zegui listwa, konbyen tan ap janbe yon tray san mizerikòd, anba malvèsasyon move gouvènman diktatè. Sou bò pa mwen, m te oblije pati pou legzil kote mwen te pase plis pase 25 lane anvan diktatè Duvalier yo te tonbe. Bridsoukou, nan mwa Avril 1986, mwen te kouri tounen ale ann Ayiti, kote, youn nan premye zak mwen te poze, sete eseye wè si mwen te kapab bare ak Rosanna, pou mwen ta ede li. Pèsonn moun pa te kapab ranseye mwen nan sans sa a. Fòk mwen di li tou, se menm epòk sa a, koudeta te mete sou koudeta, asaninay sou asasinay pou bloke tout pwogrè peyi a ta kapab fè. Se menm epòk sa a, debakman blan ak LONI ak Ameriken nan lakou Pòtoprens, vini foure peyi a nan tyouboum li ye jouk jounen jodi a. Mwen te ann Ayiti lè zafè Kidnaping nan te pran yon tèl esò ke chak fwa ou mande nouvèl yon zanmi ou, se pou aprann li te viktim zafè kidnaping nan. Sa yo te touye (tankou Jacques Roche), fanm yo te vyole devan mari yo ak pitit yo : vil Pòtoprens te tankou yon lanfè, yon prizon kote tout moun te rete barikade lakay yo, pou yo pate ale tonbe nan pyèj bandi kidnapè yo.

 

Se poutèt sa, lè gwo ekriven Edwidge Danticat te antre an kontak avè mwen pou projè Haiti Noir la, premye sijè ki te pase nan tèt mwen se te zafè kinaping nan. Mwen te tou pwofite entrodui Rosanna nan istwa a, premyèman pou mwen te rann li yon omaj pou wòl li te jwe nan vi mwen epi, dezyèmman, pou mwen te dekri sèn vyòl kote Senerè te manke toufounern li a : yon sènn ki rete grave anvi nan memwa mwen eke mwen p ape janm bliye. Se nan konsa tou, ane sa a, kidonk an 2011, nan fouye zo nan kalalou, mwen vini aprann Rosanna te mouri nan Pòtoprens ak yon pwoblèm sik dyabèt ki te maltrete li anpil. Sèl bon nouvèl m aprann sè ke te genyen yon ansyen anplòye la Bank Jeremi ki te vini plase avè li, mete li nan yon pyès kay epi ki te fè yon pitit avè li. Yo di m pitit sa a se yon Pè li ye, eke li nan yon dyosèz nan zòn Grand-Ans lan. Mwen ta swete yon jou rankontre pitit sa a, pou li ta pale mwen de dènye periòd lavi Rosanna, yon aktris avèk yon wò si enpòtan nan vi mwen. Lektè Haiti Noir yo ki renmen listwa Rosanna a nan Antoloji a, m ta byen renmen yo konnen origin sous enspirasyon an, kwake mwen te vire pèsonaj la yon jan pou fè li soti nan kad reyalite a pou li antre nan espas literè ki endispansab pou yon zèv ki gen lapretansyon fè pati nan domèn Fiksyon…

 

J-R Large, Jiyè 2011, Nou Yòk