Maten yan, mwen leve ak yon fatig vennkat kara nan wèl mwen. M gen anpil travay/pwojè atistik ki ta sipoze fini deja. Men, konbyen chodyè mayi moulen yon grenn moun ka bat alafwa? Si w pa konsantre sou youn, tout ap fè boul.
Antouka, m pral pran san m. M pral oblije ‘tek èt izi,’ kon di Ameriken yo. Chans pou mwen Martine toujou la pou l ankouraje sistè li. Map remèsye, tou, tout fanmi-zanmi ‘Figiliv‘ mwen yo. Figiliv! Ay lòv tou se dat. Figi se Face. Liv se book. Men, ou konn sa. Ban m yon ti souri tou piti, chayree. Bon Dye va beni w.
Avan jounenjodiya fini — avan dènye minwi mwa dout la sonnen bleng– m ap degaje m pou m mete pwen final dèyè dezoutwa fraz, kanmèm. Nou pap tande m twòp lan mwa septanm nan. Men, wa p jwenn ti gabay pou li sou VoicesfromHaiti depi w vizite.
Men apil; na leve tout kalite chay. Kenbe la. Sipòte travay la. Pataje Mesaj la. “Nou Bèl. Nou La!”
Men yon ti liv m te ekri ki rele Fabiola Konn Konte (Fabiola Can Count). Peze flèsh la. Wa tande m kap li l pou timoun ak grandmoun tou.