Yon Lòt Akò by Patrick Lafrance

Tanpri banm yon lòt son. Pase yon lòt akò natirèl. Pou-m chante ak Sonson. Yon lòt melodi ki bèl kou lasirèn. Men ki pa sou do ni la dolatizè.

Tanpri di-m dezoutwa  pawòl pou mwen ka di nan yon lòt mizik. Ki pa nonplis sou si bemòl. Pase tan bare-n tankou gwo fanatik sou yon akò la mizè vitam etènam.

Souple banm anvan-m ale. Yon lòt koze ki pa franse ak panyòl ni angle mwen pa menm pale. Banmwen-l nan lang mwen: Kreyòl! M-a mete-l nan mizik.

Tanpri ¡! Prese. Kkè-m ap ravaje. Lespri-m fi-n badijonnen… Konsyans mwen fin neye. Nan vye teyori pwazon k-ap klewonnen pou antere nou je kale.  Souple pa banm refren madou sou vye nòt malatyong ki pa dakò ak lespri-m k-ap fè-m vi-n dou kouwè chen-k nan koridò k-ap veye vakabon.

Di-m yon lòt istwa.  Ki pa sèlman koze jan lespri ak jansòt. Pa banm nonplis sa-k sot nan laboratwa. Menm si dèyè kay tounen douvan pòt. N-a chante-l ansanm sou yon akò majè.

Tanpri ann fè yon lòt mizik anvan-l twò ta. N-a jwe yon rit Lakou Soukri. Pase rèv nou toujou ap tann pou pita. Jouk nou fè dènye soupi. Nou janbe, n-ale ak repiyans….

Premye paj la